📂 Adieu « Kompè Filo »!
📅 Texte publié le lundi 3 août 2020 à 12h21

Ce dimanche 31 mai, c’est la fête des mères haïtiennes.
Les mères résidant en Haiti et celles natives d’Haiti résidant dans la diaspora et qui sont encore attachées à certaines de nos traditions seront honorées et célébrées.
Aux unes et aux autres, nous disons Bonne Fête.
Nous reconnaissons que cette célébration se déroule dans une atmosphère de grande peur avec un future qui, quoique toujours incertain en Haiti, s’obscurcit encore plus et même dans la diaspora. (suite…)
Kowonaviris te ekziste anvan jounen jodiya sou anpil lòt fòm. Gen ladan ki te jis bay moun ki genyen li yon rim sèvo. Gen lòt ki te pi grav pou moun ki trape li. Tankou, pa ekzanp, sa ki te parèt nan peyi Lachin en 2002 a e ki te bay moun lafyév, yon tous sèch, doulè nan tout kò yo e gwo pwoblèm pou respire.
Sa ki ap fè ravaj toupatou jodiya rele nouvo kowonaviris oubyen KOVID-19. Li pi rèd pase tout sa ki te la anvan yo. Lè li antre nan kò yon moun, preske tout ògan enpòtan yo ka peye konsekans la.
Kijan viris sa enfekte kò yon moun?
Viris sa a enfekte kò yon moun lè li atake e rive anpeche selil ki ansante yo fè travay yo. Souvan, li kòmanse miltipliye tèt li pou li ka rive simaye pi byen. Premye sa viris ki responsab KOVID-19 la fè, se al layite sou selil ki nan poumon nou yo. Nou konnen poumon yo (gen 2) se yon aparèy ki enpotan anpil. Se yo ki pèmet nou respire, donk ki kenbe nou anvi. (suite…)
Nan tan KOVID-19 sa a, tout sa ou touche dwe pwòp. Telefòn mobil, se youn nan bagay ou touche plis nan yon jounen. Ekran anpil ladan yo fèt ak yon glas espesyal yo rele Gorille, yon glas ki mens, leje e rezistan. Pa bliye ke sou glas ak plastik, viris la ka rete vivan jiska 3 jou. Epitou, gen yon etid ki montre ke pafwa ekran yon telefòn mobil gen 7 fwa plis jèm pase yon bouch twalèt. Se pou sa, fò nou kenke li toujou pwòp. Nou dwe netwaye l omwen yon fwa nan yon jounen ou plis pase sa a si gen lòt moun ki sèvi oubyen konn sèvi ak li. (suite…)
Kowonaviris la rive nan peyi Dayiti. Se sa Prezidan Jovenel Moise te di nan yon konferans pou laprès li te bay yè jedi a ki te 19 mas 2020 la. Gouvènman Ayiti a, devan reyalite sa a, deklare yon eta dijans: Lekòl fèmen. fontyè a fèmen an pati, gen kouvrefe, san pale de lòd pou evite gwo rasanblman.
Ayiti Referans ak Ajans nouvél yo rele Reuters a pibliye tèks sa pou enfòme konpatriyòt nou yo sou konpòtman viris la lè li ap sikile nan lè a oubyen lè li poze sou yon sifas. Konsa yo ka pran prekosyon pou evite trape l: