📂 Mesaj Evèk Legliz Katolik Ayiti yo pou Karèm 2025 la
📅 Publié le Lundi 3 mars 2025 à 16h50
✍ Entwodiksyon:
Teks w ap jwenn apre nòt sa a se yon mesaj evèk katolik an Ayiti yo ekri pou tan Karèm 2025 lan pou pèp Ayisyen, pou sila yo ki vle mache sou tras Bondye, e tout moun ki gen bòn volonte. Evèk yo ki ap viv chak jou sitiyasyon malouk peyi yo a, envite e ankouraje pèp la pou yo viv tan sa a tankou yon gwo peleninaj espirityèl e pou yo pran yon konpòtman moun ki vle repanti tout bon vre, pandan y ap fè gwo chanjman nan lavi yo.
Pou fè sa, fò chak moun kòmanse bat lestomak yo e pran responsablite yo pou fini ak briganday ki tabli nan peyi a. Se sèl jan pou yo rive prepare tèt yo pou yo ka gen yon losyè nan gwo pwomès kè kontan Jezikri fè nou lè li te mouri sou kwa a e resisite 3 jou apre.
Pou rive la, fò nou kòmanse pa fè yon leve kanpe ak labanyè lafwa nou nan men nou e fè lòt konnen nou pran desizyon pou anpeche peyi a fini nèt nan men nou.
Se defi sa yo, nan sitiyasyon Ayiti a e nan ane jibile a, evèk yo mete devan nou: Kovèsyon, Solidarite, Espwa, Rezistans, Angajman klè e Rekonsilyuasyon.
Men dokiman an san manke yon mo…