A – B – C – D – E – F – G – H – I – J – K – L – M
N – O – P – Q – R – S – T – U – V – W – X – Y – Z
-D-
Danger et risques
- An afè pa dòmi di.
- Anmèdan gen remèd.
- Antre nan batay san baton.
- Ayiti se tè glise.
- Bat chen-an tan mèt li.
- Bèf pou wa, savann pou wa, ya demele yo.
- Gade pa boule je.
- Gade pa pwazon (de Pèlen tèt).
- Jwèt se jwèt, kwòchèt pa landann.
- Lè ké ti poul kontant, malfini ki déyè l.
- Lè marengwen ap vole, ou pa konn kilès ki mal, kilès ki fimèl.
- Lè w mouri, ou pa pè santi.
- Lè w ap manje ak diab, ou kenbe fouchèt ou long.
- Li se kouto de bò.
- Malere se dan devan.
- Mwen byen sangle, mwen pap foule.
- Mache chèche pajanm dòmi san soupe.
- Makak pa jwe ak tig.
- Mete chat veye mantèg.
- Moun ki manje piti tig pa dòmi di.
- Nan mal, nan mal nèt.
- Pa konen pa al lajistis.
- Pawòl anpil, machwè gonfle.
- Ou Ou wè mare chwal, mare bourik pi rèd.
- Se lè w pile chen, ou konn si li konn mòde.
- Si chen rakonte w sa li wè, ou pap janm mache nannwit.
- Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.
Déception
- Aprè dans, tanbou lou.
- Byen konte, mal kalkile.
- Depi l rat, se premye fwa li pran nan pèlen.
- Gwo vant pa di lajan.
- Malfini manke poul, li pran pay.
- Se lè koulèv la mouri, ou wè longè l.
- Tankou ti Jezi nan po krab.
- Zèb ou pa vle leve nan jaden, leve devan pòt kay ou.
Démocratie
- Konstitisyon se papye, bayonèt se fè.
Diffamation
- Lang malveyan file pase kouto de bò
- Lang pa lanmè, men li ka noye w
Dignité
- Lajan fè chen danse.
- Lajan fè nèg monte maswife.
- Merite pa mande.
- Rele chen papa pou zo.
Divisions sociales
- Bèf pou wa, savann pou wa, ya demele yo.
- Danmijann poko plen, boutèy paka jwenn.
- Kabrit pa mare nan pikèt bèf.
- Milat pòv se nèg, nèg rich se milat.
- Ou jis dèyè kamyonèt la.
- Wòch nan dlo pa konn doulè Wòch nan solèy
-E-
Egoisme
- Akrèk pa bay.
- Anvi tout, pédi tout.
- Chen ki gen zo pa gen zanmi.
- Depi na ginen, nèg rayi nèg.
- Kabwit de mèt mouri nan solèy.
- Wòch nan dlo pa konn doulè wòch nan solèy
- Tout koukouy klere pou je li.
- Zafè kabrit pa zafè mouton.
Embarras
- Byen konte, mal kalkile.
- Malfini manke poul, li pran pay.
- Tout bèt jennen mode.
Engagement
- An afè pa dòmi di.
- Aprè dans, tanbou lou.
- Pwomès se dèt.
- Responsablite se chay.
- Wè pa wè antèman pou katrè.
- Wi pa monte mòn.
Epargne
- Se sen kòb ki fè goud.
- Se piti ki mennen gwo.
- Ti pil ti pil fè chaj.
Espoir
- Bondye bon.
- Byen mal pa lanmò.
- Espwa fè viv.
- Fè zanmi ak kouto anvan zabriko mi.
- Maladi pran bouyon.
- Nan pwen lapriyè ki pa gen amèn.
- Toutan tèt poko koupe li ka pote chapo.
Expérience
- Avantaj kok, se na zepon li li ye.
- Koulèv ki konn laje goj li vale krapo.
- Diab pa pè diab.
- Eksperians kòk la se nan zepon li li ye.
- Fòk ou konn la, pou al la.
- Fòk ou pase maladi, pou konn remèd.
- Kochon mawon konnen sou ki bwa poul fwote.
- Nèg sòt mare kòd li, nèg lespwi pakab demare li.
- Pati bonè pa di konn chimen pou sa.
- Tete pa janm twò lou pou mèt li.
-F-
Faiblesse
- Konstitisyon se papye, bayonèt se fè.
- Lè poul mare, ravèt fèl eskplikasyon.
- Makak pa jwe ak tig.
Famille
- Dwèt ou pou ou, ou pa ka koupe li jete.
- Pitit se baton veyès.
- Pitit se richès malere.
- San pi pwès pase dlo.
Famine
- Chen grangou pa jwe.
- Grangou se mizè, vant plen se traka.
- Sak vid pa kanpe.
Flatterie
- Lajan fè chen danse.
- Rele chen papa pou zo.
-G-
Gaspillage
- Bat dlo pou fè bè.
- Se lave men, siye até.
- Vide dlo nan panyen pèse.
- Zwazo ki chante pa gra.
Générosité
- Bay piti pa chich.
- Li gen kè nan men.
- Se anvi bay ki bay.
-H-
Haine
- Depi nan ginen, nèg rayi nèg.
- Kòfrefò pa swiv kòbya.
- Koukou wè lwen, men li pa wè deyè tèt li.
- Li pa janm twò ta pou chen anraje.
Hypocrisie
- Dan pouri gen fòs sou bannann mi.
- De kou nan bouda bourik la, de kou nan sakpay la.
- Lè chat pa la, rat bay kalinda.
- Ravèt pa janm gen rezon devan poul.
- Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.