Textes et Documents » Catégorie : Culture

📂 Kijan pou netwaye telefòn mobil ou nan tan KOVID-19 sa a

Nan tan KOVID-19 sa a, tout sa ou touche dwe pwòp. Telefòn mobil, se youn nan bagay ou touche plis nan yon jounen. Ekran anpil ladan yo fèt ak yon glas espesyal yo rele Gorille, yon glas ki  mens, leje e rezistan. Pa bliye ke sou glas ak plastik, viris la ka rete vivan jiska 3 jou. Epitou, gen yon etid ki montre ke pafwa ekran yon telefòn mobil gen 7 fwa plis jèm pase yon bouch twalèt. Se pou sa, fò nou kenke li toujou pwòp. Nou dwe netwaye l omwen yon fwa nan yon jounen ou plis pase sa a si gen lòt moun ki sèvi oubyen konn sèvi ak li. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Kovid-19: Konbyen tan viris la ka rete vivan?

Kowonaviris la rive nan peyi Dayiti. Se sa Prezidan Jovenel Moise te di nan yon konferans pou laprès li te bay yè jedi a ki te 19 mas 2020 la. Gouvènman Ayiti a, devan reyalite sa a, deklare yon eta dijans: Lekòl fèmen. fontyè a fèmen an pati, gen kouvrefe, san pale de lòd pou evite gwo rasanblman.

Ayiti Referans ak Ajans nouvél yo rele Reuters a pibliye tèks sa pou enfòme konpatriyòt nou yo sou konpòtman viris la lè li ap sikile nan lè a oubyen lè li poze sou yon sifas. Konsa yo ka pran prekosyon pou evite trape l:

(suite…)

...lire le texte »»

📂 Kowonaviris la (Kovid-19): Pwoteje tèt ou ak lantouray ou

KOVID-19  se yon maladi ki komanse nan peyi Lachin. Men kounyeya li rive nan anpil lòt peyi e ou jwenn tras li sou tout kontinan yo. Li deja touye anpil moun.

Anpil moun ki enfekte ka pa gen sentom ki grav. Kidonk y ap geri, si yo swiv konsèy moun ki save nan zafè medsin e lasante. Men gen moun ki ka gen yon fòm maladi a ki pi serye. Toulede gwoup sa yo ka pase l bay lòt. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Troisième Édition des Rencontres des Cultures créoles

Texte reçu le 1er novembre 2019

De Mike Kervin Joseph

Port-au-Prince vient d’accueillir du 27 au 31 octobre la troisième édition des rencontres des cultures créoles ayant pour invité d »honneur, notre fameux Frankétienne et dédiée à l’Île de La Réunion.

Le contexte de crise politique, social et économique n’a pas découragé les organisateurs de cette activité qui, grâce à leur ingéniosité, l’ont rendue possible.

La culture créole a eu sa place et le monde créolophone était au rendez-vous. Des representants de la Martinique, de la Guadeloupe, de l’île de la Réunion et même des artistes venus du Québec étaient présents. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Konferans relijye ak relijyez Dayiti: Nòt pou laprès

Texte reçu le 18 octobre 2019

Pòtoprens, jou 17 oktòb 2019

« Bondye wè soufrans Pèp li a, li tande rèl li anba moun k ap peze l yo, paske li konnen doulè yo » (Ex 3,7)

Nan menm liy dènye mesaj nou an jou lendi 30 sektanm kote nou te mete vwa nou ansanm ak tout sektè kle nasyon an, ak tout moun ki refize kòripsyon, byen san swe, kontrabann, pou ekzije dirijan nou yo rekòlte sa yo simen epi fè yon jès bon konprann, pou yo koute vwa pèp la ki se vwa Bondye.

  • Lè nou konsidere jodi a kriz imanitè san parèy peyi nou an preske tonbe ladan l nan
  • Lè nou konsidere kriz sa a se rezilta yon kriz ki pi fon toujou ki touche fondalnatal sa nou ye kòm pèp sou plan: Politik, economik ak relijyez.
  • Lè nou konsidere tout enstitisyon repiblik la (Ekzekitif, Lejislatif ak Jidisyè) fin delabre, san nou pa bliye responsbilite elit entèlektyèl ak ekonomik yo nan mennen peyi nan sityasyon malouk sa a. (suite…)
...lire le texte »»