Textes et Documents » Catégorie : Culture

📂 Remèsiman ak enfòmasyon Evèk Katolik Peyi Ayiti yo

Texte reçu le 4 mai 2021

 

« Kijan pou m fè lwanj pou Granmèt la pou tout sa l fè pou mwen? »
(Sòm 115,12).

1 Nou menm Evèk Katolik peyi Ayiti yo, nou kontan anpil pou frè ak sè nou yo ki te rive jwenn liberasyon yo nan lannwit 29 pou rive 30 avril la. Jou sa Granmèt la fè a se yon jou kè kontan (cf. Sòm 117, 24). Ansanm avèk yo, ansanm avèk Kongregasyon yo, ansanm avèk tout fanmi yo, ak tout Pèp Bondye a, epi tout moun ki te pote konkou yo, n ap di Bondye mèsi. (suite…)
...lire le texte »»

📂 Nòt Konferans Evèk Katolik Peyi Dayiti Yo ki pote dat 20 avril 2021

Nou resevwa teks sa a jou ki 20 avril 2021

« GranMèt la koute moun ki mande Li sekou: li delivre yo anba kè sote.
GranMèt la toupre moun ki gen kè kraze yo; Lap sove moun, ki pa kapab ankò !… »
(Sòm 33, vèsè 17-19).

Frè m ak sè m yo,

ND du Perpétuel Secours, patronne d'Haiti1.- Nou menm Evèk katolik peyi Dayiti konstate ak anpil doulè sitiyasyon frè ak sè nou yo ki nan men bandi pa chanje jiskaprezan. Zantray tout moun ki gen moso renmen nan kè yo ap dechire. Di (10) jou nan men kidnapè se twòp.

2.- Malgre tout apèl Legliz la, Evèk yo, Pè yo, Relijye/Relijyèz yo, fidèl layik yo, òganizasyon Sosyete sivil la, nan peyi Dayiti tankou lòtbò dlo, otaj yo pa jwenn liberasyon; yo toujou nan men kidnapè yo, ki pa sanble tande rezon.

3.- Devan sitiyasyon sa a, nou dwe aji kòm kretyen epi kòm sitwayen konsekan, pitit menm Nasyon. Poutèt sa, nan tèt kole avèk CHR (Konferans Ayisyen Relijye yo), nou deside yon lòt fwa pou tout lekòl katolik, prezbiteral, kongreganis, inivèsite ak tout lòt enstitisyon (sof Lopital ak Sant Sante yo) kanpe travay pandan twa jou : mèkredi 21, jedi 22, ak vandredi 23 Avril la. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Nòt Evèk Katolik Peyi Dayiti yo kont kidnapin

Nou resevwa teks sa a jou kite 13 avril 2021

“Sekou nou se nan men Granmèt la li ye” (Sòm 124, 8)

1 Se avèk anpil endiyasyon ak revòlt nou aprann bandi kidnape 4 Pè kominote Sen Jak : Pè Evens Joseph, Pè Michel Briand (Fransè), Pè Jean Nicaisse Milien, Pè Joël Thomas ; yon Pè Achidyosèz Kapayisyen : Pè Hugues Baptiste ; 2 relijyez : Sè Anne Marie Dorcelus (Sè Sent Terèz) ak Sè Agnès Bordeau (Fransèz nan kominote La Pwovidans) ak 3 fidèl layik, manm fanmi Pè Jean Arnel Joseph: Madan Oxane Dorcelus (Manman li), Madmwazèl Lovely Joseph (Sè li) ak Mesye Welder Joly (Parenn li). Sa rive jou dimanch 11 avril la, Dimanch Kè Sansib Bondye a, apre masak ki sot pase sou Bèlè a. Bandi kidnape yo sou wout pandan yo ta prale nan enstalasyon Pè Jean Anel Joseph kòm kire pawas Galette Chambon. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Mesaj Evèk Katolik peyi Ayiti voye pou Pèp Bondye-a: pè yo, mè yo, frè yo, fidèl yo ak tout moun ki gen bòn volonte nan okazyon fèt Nwèl 2020 an

Texte reçu le 28 novembre 2020

« Pa kite yo vòlè Lesperans lan nan men nou »

(Pap Franswa)

1.- Nou menm evèk katolik peyi Ayiti, ki reyini pou asanble òdinè nou, nou salye nou tout, sè ak frè nou, nan tan Lavan sa a kote n’ap prepare kè nou pou nou selebre fèt nesans Jezi Granmèt nou. Evenman san parèy sa a ki vi n chanje listwa nou menm moun, envite nou pou nou toujou chèche glwa Bondye epi travay pou lapè tabli sou tè a. Nan Jezi, Bondye tounen moun pou l sove nou (Jan 1, 14), li mande nou pou nou kite lesperans sa a pote nou (1 Pyè 3,15) nan moman difisil yo. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Peut-on vraiment « aimer la peur »?

“Joubert est un homme heureux… Alors il a fini par aimer la peur.”

C’est ce constat qu’a fait Yanick Lahens, auteure des Douces Déroutes (Le Mans [France] : Editions Libra Diffusion; 2019; chap. 19, p. 153) à propos de Joubert connu dans le monde du crime sous l’alias “Jojo Piman Pike”.

Joubert est l’un des personnages du roman avec une éducation rudimentaire. Pour survivre et obtenir un semblant de respect dans son milieu, il s’allie à un gang spécialisé dans l’accomplissement des basses besognes pour le compte de certaines autorités et des membres de l’élite financière. Son expérience de la rue et des gangs lui a fait comprendre que dans une ville comme Port-au-Prince, le malheur guette à tout moment un jeune homme (p. 146), surtout si celui-ci est identifié à un gangster, qui tue des personnalités respectables sur commande. Alors il a peur. Mais est-il vraiment arrivé à aimer cette peur parce qu’il connaît des moments d’auto-satisfaction?
(suite…)

...lire le texte »»