Mesaj monseyè Max Leroy Mésidor sou masak Ponsonde a [ 3 oktòb 2024]
📅 Texte publié le dimanche 6 octobre 2024
Anvan li prezante kondoleyans Legliz la bay tout fanmi viktim masak sa a, ak tout moun nan zòn Ponsonde e nan Depatman Latibonit, Monseyè a poze otorite yo, ki sanble yo pa enterese ak sò pèp la, kèk kesyon. Anpil lòt moun te konn ap poze tèt yo kèk nan kesyon sa yo. Avèk kouraj, li mande yo eske gen yon « pwojè sekrè pou demantibile peyi », pwiske yo kite mesye ak zam yo fè kraze brize lè yo vle, kote yo vle, pafwa menm ak yon anons anvan, e yon awogans apre.
Peyi a malad. Pèp la bouke, li mande sekou. E kisa otorite yo ap fè? Y ap fè reyinyon, y ap vwayaje pou al pale de fòs miltinasyonal ki deja anplas depi kèk mwa, san pèsonn pa wè yon chanjman ou yon alemye.
Ann tande oubyen li mesaj la…
Bonjou pou tout moun ki ap koute nou, espesyalman moun Depatman Lwès ak Latibonit.
Nou konstate tout peyi a malad. Tout peyi a ap soufri, e yo ap soufri lontan. Men Depatman Lwès ak Latibonit pi mal. Se 2 pi gwo depatman nan peyi a.
N ap mande nou, eske gen yon pwojè sekrè pou demantibile zòn sa yo? Eske yo gen yon plan pou fini ak zòn sa yo? Eske gen yon plan pou fini ak peyi a?
Chak semenn se rèl, se tèt chaje, se lanmò. Depi 2 zan, komin Ti Rivyè Latibonit lage pou kò l; pa gen prezans lapolis. Menm bagay lapou komin Lyankou. 2 bèl komin; 2gwo komin; 2 zòn ki te gen lavi. Jodiya, se dezespwa.
Konbyen fwa, moun zòn sa yo mande sekou? Konbyen fwa moun Lyankou di y ap kontribye pou ede lapolis vin nan zòn nan? Plizyè asosyasyon voye pwopozisyon bay otorite yo. Okenn repons! Anyen pa fèt! Popilasyon a lage poukont li. Lyankou abandonnenn depi kèk tan. Tout moun pati. Ti Rivyè ap debat. Kèk moun rete ap konstate piyaj ki ap fèt chak jou. E chak moun ap tann tou pa yo.
Depi kèk tan, gen gwo menas ki t ap fèt sou Ponsonde. Ou pat santi te gen gwo dispozisyon ki te pran pou evite sak rive jounen jodi 3 oktòb la.
Etan m ap voye kondoleyans Legliz la bay tout fanmi ki nan lapenn, m ap poze kesyon a otorite yo, a manm Konsèy prezidansyèl la, a premye minis la, a CSPN nan, chèf lapolis la. Kilès ki ap veye sou popilasyon an? Kouman fè tout sa mesye ak zàm yo di yo pral fè, yo rive fè l kanmenm, sof kèk ti eksepsyon? Yo anonse yo pral pran yon zòn, kèk tan apre, yo pran l. Poukisa tout reyinyon, tout vwayaj sou zafè fòs miltinasyonal la, alòske, malgre genyen manm ki la, bagay yo vin pi grav? Ekzanp Maryani, Gresye, Gantye, Ponsonde. Kisa n ap tann pou nou deside vrèman bay pèp la, posiblite pou li viv anpè, lakay li? Konbyen zòn n ap kite tonbe ankò anvan nou montre nou gen sansiblite pou pèp la? Eske nou pa wè, otorite yo, nou nan menm wout ke moun ki te la anvan nou yo?
Tranzisyon n ap dirije a pa montre ditou li se yon tranzisyon « rupture ». Menm erè ki te konn fèt yo se menm yo ki kontinye ap fèt toujou: Menm eskandal, menm pwoblèm, menm endiferans. Pèp la bouke, li mande sekou.
Otorite yo, ouvri zòrèy nou, souke kò nou, bagay la grav. Fè tout jefò nou, fè tout posib nou pou nou fèmen wobinè san sa ki ap koule nan peyi a. Mwen mande nou sa avèk fèmte, avèk tout respè tou, nan non Legliz la, nan non tout pèp Bondye a ki ap soufri, nan non pèp Depatman Lwès ak Depatman Latibonit, nan non pèp Ponsonde ki gen dlo nan je jodiya, avèk tout pèp Latibonit a.
Ke Bondye veye sou pèp li a! Ke li veye sou Ayiti!
Se Achevèk Pòtoprens la,
Monseyè Max leroy Mesidor
[Dimanch 6 oktob 2024]