Nòt Acheveche Pòtoprens [ki deplore zak vyolans nan Komin Gresye]

Nou resevwa teks sa a jou kite 2 jiyè 2024

senbòl Acheveche Pòtoprens laAcheveche Pòtoprens deplore kalte zak vyolans san non moun ak gwo zam ilegal komèt epi kontinye ap komèt nan komin Gresye tanko lòt kote nan peyi a: yo touye plizyè noun nan komin sa a, yo eseye boule komisarya polis la, epi yo kidnape kire pawas Sen Jan Batis ki nan Gresye a, Pè Emmanuel Saintéliat, ki pa t janm kouri kite kominote sa li ap gide pou kont li e ki toujou disponib pou sèvi tout moun [Nòt: libere nan aswè 2 jiyè].

Zak vyolans sa yo montre aklè kijan gen zòn nan rejyon Pòtoprens la ki toujou pa sou kontwòl Leta ni fòs lòd yo, sa montre tou kijan nou rete bra kwaze ap viv nan prizon kote malè sa yo fèmen nou an, antan y ap minen sosyete a. Pandan l ap di jan li endinye devan zak sa yo ki vyole dwa moun k ap viv nan peyi a, Acheveche Pòtoprens la ap raple, li toujou bò kote viktim yo ak fanmi yo. N ap lapriyè epi fè tout sa nou kapab pou nou jwenn liberasyon Pè Emmanuel Saintéliat preseprese, epi n ap pwofite fè otorite Leta yo sonje kijan yo dwe aji vit pou mete yon fren nan sitiyasyon vyolans sa a, epi bay tout moun dwa yo pou yo viv nan peyi a.

Se pou Bondye vin ede nou. Se pou l veye sou Ayiti. Se pou l veye sou pèp li a.

Nòt sa fèt Pòtoprens, jou ki 1e jiyè 2024 la.

Pou Sèvis kominikasyon Achidyosès Pòtoprens la,

Pè Marc Henry Siméon
————
Direktè Sèvis kominikasyon Acheveche Pòtoprens