Diskou premye minis Ariel Henry sou sitiyasyon peyi: Mèkredi 5 oktòb 2022
📅 Texte publié le jeudi 6 octobre 2022
Frè m yo,
Sè m yo
Chè konpatriyòt,
Mwen kwè li bon nan sitiyasyon grav peyi a ap travèse laa, pou mwen vin fè yon pale ak nou sou pwoblèm k ap bwase bil peyi a, e ki mete nou tout nan tèt chaje.
Nan pakou politik mwen, mwen toujou aprann ke se nan dyalòg, nan konsètasyon ak tèt ansanm pou nou jwenn meyè solisyon pou pwoblèm nou yo. M ap pale yon langaj verite, e m mande nou pran yon ti tan pou nou reflechi sou sa k ap pase nan peyi a depi 3 semenn.
Ayisyèn, Ayisyen, Se ak tèt nou m ap pale jodiya. Mwen konnen nou tout ap travèse yon moman difisil. Tout bagay monte tèt nèg. E chak jou ki pase, nan kondisyon sa yo, bagay yo ap vin pi rèd pou manman ak papa pitit.
Pèmèt mwen poze nou kèk kesyon. M ap mande nou diskite yo ak fanmi nou, ak zanmi nou yo, ak moun ki gen menm enterè ak nou. Gen moun ki gen pwoblèm paske gouvènman an di fò gen plis kòb ki antre nan kès Leta ki pou sèvi Leta, paske nou ekzije tout moun, san paspouki, peye tout sa yo dwe ladwann ak DGI.
Nan nouvo Ayiti nou vle a, nou sòti pou nou chanje fason nou konn jere finans Leta. Chodyè a paka toujou bouyi yon sèl bò. Mwen di l deja e m ap repete l: Krich pa kannari; kannari pa sous. Fò nou itilize sa nou genyen pou nou bay pi fò pèp la, sitou sa ki pi mal yo, yon minimòm sèvis tou. Fòk nou dakò avèk mwen; nou paka pran tout resèt ladwann pou nou sèvi yon gwoup moun e pou nou sibvansyone yon grenn pwodwi. Fòk nou konnen lè nou bay 50 a 60 milya goud pou sibvansyonen yon sèl pwodwi nan benefis yon gwoup moun, pa rete anyen ankò pou nou ede manman ak papa pitit pou rantre lekòl la, pa rete kòb pou nou ta sonje bay yon sibvansyon pou fè pri manje bese, pa rete anyen pou ta bay yon ogmantasyn ou pou ede anplwaye Leta yo jere enflasyon an.
Pèp Ayisyenm ouvri je nou! Tèt klè pou nou konprann byen sa k ap pase sou teren an jodiya! Pakèt zòt ki ap defann enterè pèsonèl yo mete ekzistans ak avni pitit nou an danje. Eske nou panse tout bon vre nèg ak gwo zàm fann fwa k ap tire sou lapolis an lame pou yo anpeche yo louvri wout pou gaz la ka sòti nan tèminal yo, se nan enterè pèp Ayisyen an, nan enterè nou y ap travay?
Ah, ouvè je nou!
Eske se paske yo renmen nou, paske yo vle wè nou fè pwogrè yo bloke tout wout nan peyi a, pa kite nou sikile pou n ap chache lavi pou bay pitit nou manje?
Ah, ouvè je nou!
Eske se nan enterè nou y ap travay lè yo pran tout peyi an otaj, epi anpeche pitit nou al lekòl, anpeche malad al pran swen lopital, anpeche nou jwenn dlo potab pou nou bwè, e menm bare wout pou manje paka sikile nan peyi, tout sa nan yon moman kote kolera retounen lakay nou?
Ah, ouvè je nou!
Konpòtman iresponsab e kriminèl moun sa yo kreye yon kriz « humanitaire » nou pa janm wè, nou pa janm viv sou latè Dayiti e ki menase ankò souverènte peyi papa Desalin la. Nou paka kanpe gade grenn bandi ki asosye ak kèk move politisyen e kèk move « hommes d’affaires » plonje peyi nou an nan yon katchouboumbe sans parèy.
Jodiya m ap lanse yon apèl « solennel » bay tout pèp Ayisyen an, bay tout moun « de bonne volonté » pou fè tande vwa nou, pou nou mobilize, pou nou rasanble, pou bare lawout ak tout move zangi ki panse ke yo ka mete tout yon pèp ajenou e panse ke yo se sèl wout pou rive pran pouvwa.
M ap mande kominote entènasyonal la, tout peyi zanmi Ayiti yo, pou yo pote kole ak nou, ede n konbat kriz « humanitaire » sa a. M ap mande èd, akonpayman ak sekou. Nou bezwen yo ba nou tout kalte sipò ki nesesè pou evite moun mouri pa pil e pa pakèt si nou pa fè anyen. Nou vle dlo potab ak medikaman rive jwenn moun ki malad yo nan moman kolera kòmanse tounen, pou izin kap pwodwi dlo potab, pou yo rekomanse fonksyonen. Nou bezwen doktè ak enfimyè jwenn wout pou rive nan lopital yo, pou anbilans ka sikile, pou lopital rekòmanse fonksyone . Nou vle yo ede tout peyi a pou gaz la ka rive sòti nan tèminal rive nan ponp toupatou, pou tout timoun ka al lekòl san kè sote, pou tout moun ka « vaquer » ak okipasyon yo san pè e « sans crainte ».
Ayisyèn, Ayisyen, Sitiyasyon a grav. An nou repran desten nou nan men nou. An fè prèv de « compassion et d’humanité ». An leve eskanp figi peyi a. An mete nou ansanm, pit ou mawo; zannano kou pengwen, pou nou chanje sa. An nou fè sa pou Ayiti! Ayiti paka peri! Ayiti pap peri!
Ke Bondye kontinye gade e beni Ayiti!
Dr. Ariel Henry
Premye minis Ayisyen
Mèkredi 5 oktòb 2022