Mesaj Evèk Katolik peyi Ayiti voye pou Pèp Bondye-a: pè yo, mè yo, frè yo, fidèl yo ak tout moun ki gen bòn volonte nan okazyon fèt Nwèl 2020 an
📅 Texte publié le samedi 28 novembre 2020
Texte reçu le 28 novembre 2020
« Pa kite yo vòlè Lesperans lan nan men nou »
(Pap Franswa)
1.- Nou menm evèk katolik peyi Ayiti, ki reyini pou asanble òdinè nou, nou salye nou tout, sè ak frè nou, nan tan Lavan sa a kote n’ap prepare kè nou pou nou selebre fèt nesans Jezi Granmèt nou. Evenman san parèy sa a ki vi n chanje listwa nou menm moun, envite nou pou nou toujou chèche glwa Bondye epi travay pou lapè tabli sou tè a. Nan Jezi, Bondye tounen moun pou l sove nou (Jan 1, 14), li mande nou pou nou kite lesperans sa a pote nou (1 Pyè 3,15) nan moman difisil yo.
2.- Jodi a peyi sa a nou renmen anpil la mande nou pou nou batay pi plis pou nou delivre’l. Peyi a bezwen lapè, li bezwen yon chanjman total kapital : chanjman nan mantalite, chanjman nan tout chapant sosyete a, chanjman nan fason y ap mennen bak peyi a, nan jan y’ap fè politik. Depi mwa jiyè 2018, nou pa sispann mande tout aktè politik yo pou yo pran men yo. Nan ane 2020 sa a nou te denonse tou deriv pouvwa anplas la ki pa sispann chifonnen Konstitisyon an nan pran kèk dekrè ki bay gwo kè kase.
3.- Sityasyon malouk peyi a k’ap vi n pi mal chak jou pi plis boulvèse nou anpil. Se zantray nou k’ap rache lè nou wè lavyolans, lamizè ak salte fi n kouvri peyi a. Jodi a nou pa ka konte kantite zak kidnaping ki fèt. Bandi ap mache vyole moun, asasinen, y ap simen latèrè, lanmò ak dlo nan je, yo fè moun oblije pati kite kay yo. Nou fè youn ak tout pèp ayisyen an ki fatige pou nou rele byen fò epi pou nou redi ak tout fòs nou : nou bouke ak ensekirite, vyolans, lamizè ak latèrè k’ap layite kò yo nan peyi a ! Nou bouke ! Se twòp atò ! Pèp ayisyen an pa kapab ankò ! Kanta nou menm k’ap fè move zak sa yo ak tout sila yo k ap soutni nou, nan non Bondye lavi a, nou mande nou : sispann ! Se tout pèp Ayisyen an ki pa dakò ak sa. Sa pap mennen nou lwen.
4.- Lè nou gade kijan kriz sa a ki la depi kèk tan ap brase bil peyi a, yon lòt fwa ankò, nou mande pou tout moun pran konsyans, peyi a dwe pase anvan tout enterè pèsonèl, tikoulout, pou gen yon chanjman total kapital nan lespri ak nan kè. Se pou nou rive jwenn yon antant antrenou menm ayisyen pou nou bati nasyon-an yon lòt jan. Se pou nou rive devlope bon jan rapò ki makonnen nou ansanm. Nou menm evèk katolik peyi Ayiti, nou ankouraje tout inisyativ nasyonal ki kapab rasanble tout fòs peyi a pou yo mete ansanm pou yo rive jwenn yon antant (konsansis) ki pou ranfòse enstitisyon yo yon fason pou bon jan klima konfyans kapab tounen nan mitan popilasyon an.
5.- Anpil moun ak anpil sektè ta swete pou gen pase men ki fèt nan Konstitisyon an, oubyen yon lòt Konstitisyon, fòk sa ta rive fèt jan l dwe fèt epi se pa ni yon moun ni yon ti gwoup moun ki kapab deside sou yon koze enpòtan konsa pou lavni peyi a. Lespwa sa a nou genyen pou nou rive pale ansanm toutan, nan senserite, san blòf, an nou kenbe l fè m. Se ladan l n ap jwenn solisyon pwoblèm k ap boulvèse peyi a. Se chita pale sa a sèlman ki ka mennen nou nan aprann byen viv youn ak lòt tankou frè ak sè. Konsa, nou mande tout ayisyen, fi tankou gason, chak moun nan nivo pa yo pou fè tout sa yo kapab pou anpeche peyi a antre pi fon nan twou li twouve’l jodi a.
6.- Se nan lapriyè ak nan bon jan aksyon nou vle fè solidarite ak tout sila yo machin ensekirite a maspinen, krabinen, asasinen. Lapriyè se yon fòs ki fasilite epi nouri viv-ansanm nan sitou nan moman difisil yo. Nan Jezi, Pitit Bondye a ki tounen moun, nou jwenn lafwa, lesperans ak renmen pou nou vire gade frè ak sè nou yo, espesyalman sila yo lavi a ap malmennen, sila yo sosyete a mete sou kote, sila yo machin ensekirite yo fabrike a matirize nan kò yo, nan kè yo ak nan lespri yo. Se poutèt sa nou mande tout kretyen katolik ak tout moun ki gen bòn volonte pou nou pèsevere nan adorasyon san rete nou te dekrete nan mwa jen 2019 la. Nou mande nou pou nou fè youn ak tout fidèl ki nan10 diosèz ki nan peyi a pou nou fè 3 jou jèn, lapriyè reparasyon ak demann pou konvèsyon ak pou delivrans peyi a. N’ap fè lapriyè sa yo nan jou 5, 6 ak 7 desanm nan. Nou pa gen dwa kite dekourajman ak reziyasyon enstale nan kè nou. « Lapriyè a se kote nou jwenn fòs Kris la. Li nesesè pou nou nan moman kritik sa a » (Benoit XVI, Encyclique Deus Caritas est, n. 36).
7.- Peyi a pap chanje toutotan lespri nou ak kè nou pa chanje. Si nou vle wè sityasyon nou chanje, se pou nou kite Bondye chanje kè nou anvan paske se nan kè nou move zak yo soti (Cf. Matye 15,19). Devan machin lanmò pwograme san fren k ap woule ak tout boulin nan mitan nou, kidonk ki menase nou, « nou pa dwe kite yo vòlè lesperans nou » (Pape François, omeli dimanch Ramo, 25 mas 2013). Se pou nou rete vijilan. Se pou nou kontinye di byen fò : nou kwè nan lavi pou tout frè ak sè nou yo nan peyi Ayiti. Nou menm ki kwè nan Bondye Granmèt la, nou dwe rekonèt renmen pi fò pase tout bagay. « Pi gwo danje ki ka menase nou se lè nou refize renmen (cf. 1 Korentyen 13, 1-13) » (Pape François, Encyclique Fratelli Tutti, n. 92). Nwèl se fèt renmen, fèt fratènite, fèt lapè. Lapè sa a se ansanm pou nou chèche’l. An nou bay Ayiti yon chans. Pèp sa soufri twòp. An nou kwape lavyolans ! An nou bat chalbari dèyè ensekirite ak enpinite !
8.- An nou louvri kè nou pou nou akeyi nan lafwa gwo fèt Nwèl la. Se gwo fèt Bondye ki tounen moun nan Pitit li a pou l fè moun viv lavi pa l la. Konsa, li fè nou menm moun kontre ak li (Saint Athanase, sur l’Incarnation, 54,3 : PG 25). Bondye sa a ki tounen yon ti bebe nan bra manman l, LaVyèj Mari. L’ap souri ba nou, an nou kite’l transfòme nou. Li di nou pou nou pa pèdi lespwa, pran kouraj nou ak de men epi louvri kè nou bay lagras Bondye.
9.- Se pou gras fèt Nwèl la soutni nou nan konba kont ensekirite, vyolans ak tout sa kap simen lanmò ! Se pou’l soutni angajman nou pou nou bati yon lòt Ayiti tou nèf kote lavi tout bon fleri. Se pou Manman Pèpetyèl Sekou, patwòn nou, vi n pote nou sekou. Se pou’l mande Jezi Pitit li favè pou nou pase yon fèt Nwèl nan kè poze ak yon lane 2021 nan renmen ak fratènite !
Mesaj sa a fèt nan Lilavwa, kay kote evèk katolik peyi Ayiti reyini, jou 27 novanm 2020 an, jou fèt.
NòtreDam Meday Mirakilèz.
Monseyè Launay SATURNE ♝ Achevèk Okap Ayisyen ≡ Prezidan CEH … Monseyè Pierre André DUMAS ♝ Evèk Ansavo ak Miragwann ≡ Visprezidan CEH … Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ ♝ Evèk Jeremi ≡ Sekretè Jeneral CEH .. Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT ♝ Evèk Jakmel ≡ Ekonom CEH .. Kadinal Chibly LANGLOIS ♝ Evèk Okay … Monseyè Louis N. KEBREAU, SDB ♝ Achevèk Emerit Okap Ayisyen … Monseyè Max Leroy MESIDOR ♝ Achevèk Pòtoprens … Monseyè Willy ROMELUS ♝ Evèk Emerit Jeremi … |
Monseyè Yves Marie PEAN, CSC ♝ Evèk Gonayiv … Monseyè Désinord JEAN ♝ Evèk Hench … Monseyè Jean Alix VERRIER ♝ Evèk Emerit Okay … Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM ♝ Evèk Fòlibète … Monseyè Charles Peters BARTHELUS ♝ Evèk Pòdepè … Monseyè Pierre Antoine PAULO, OMI ♝ Evèk Emerit PòdPè … Monseyè Frantz COLIMON, SMM ♝ Evèk Emerit Pòdepè … Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB ♝ Evèk Oksilyè Pòtoprens … Monseyè Joseph LAFONTANT ♝ Evèk Oksilyè Pòtoprens … |